WinieStore
Gran Fanm pa Mande - Gran Fanm Kreye
Gran Fanm pa Mande - Gran Fanm Kreye
Couldn't load pickup availability
Gran fanm pa mande.
Gran fanm kreye.
Sa pa vle di gran fanm pa janm bezwen èd.
Sa vle di li pa tann lavi ba li pèmisyon pou li leve, chanje, ak bati lavi li.
E-book sa a se pou fanm ki rive nan yon pwen kote yo bouke tann,
bouke tande “pasyans”,
bouke tande “rete trankil”,
bouke mete rèv yo sou poz.
📖 Liv sa a fèt pou:
• Fanm ki fatige viv an atant
• Fanm yo toujou mande pou yo konprann, respekte, chwazi
• Fanm ki santi yo fèt pou plis
• Fanm ki pare pou sispann sipliye lavi epi kreye pwòp chemen yo
Si w ap li liv sa a, se pa yon aksidan.
Sa vle di yon bagay anndan w deja reveye.
E mwen la pou di w yon verite klè:
ou pa fou. Ou pare.
Liv sa a se pa jis motivasyon.
Se yon manifest.
Yon rapèl.
Yon apèl pou fanm ki deside chwazi tèt yo, mete limit, geri, epi avanse san pèmisyon.
📘 Sa w ap jwenn anndan liv la:
• 20 chapit pwofon ak verite ki reveye konsyans
• Affirmations pou ranfòse tèt ou chak jou
• Egzèsis journaling pou ede w aplike sa w ap li a
• Yon Manifest Gran Fanm pou sele transfòmasyon ou
Share

Premye ebook Ayisyen mwen jwenn ki vreman pale de tit li genyen an.
Ooooo 😍😍 Mwen satisfè. Kenbe la Lady Winie.
Mwen vreman renmen wob mwen achte a twal bon e rad la fem byen😍
Map veye yon lot okazyon plum achte anko